|
Saki konsènen bon langaj (nan zafè Lekti)
Li ak entèprete pasaj ki kòmanse ant 300 ak 400 mo avèk matyè ki ekri an pwoz pandan plizyè epòk nan tan an. Gen yon powèm ak yon pyès dram nan chak fòm tès yo. (l ap dire 60 minit)
Syans
Reponn kesyon ki sou syans fizik, syans lavi, syans latè ak lespas, avèk yon enterè ki mete aksan sou sijè ki trete anvirònman ak sante moun chak jou. (l ap dire 80 minit) |
Saki konsènen bon langaj (nan zafè Ekriti)
PREMYE PATI – Reponn ak kesyon chwa miltip ki kouvri sijè sou òganizasyon ak jan lang konstri, jan yo itilize l, ak mekanik ki fè l fonksyone. DEZIEM PATI – Ekri yon tèks sou yon sijè yap ba w. (l ap dire 120 minit)
Matematik
Wap gen pou rezoud yon seride pwoblèm sou mezi, aljèb, jeometri, relasyon ant nimewo yo, ak analiz done yo. PREMYE PATI – Ou kapab itilize yon kalkilatris ki ka fè syans. (l ap dire 90 minit) |
Syans Sosyal
Wap gen pou reponn ak kesyon sou zafè istwa, jeografi, sivik, govèlman ak ekonomi. Zouti ki sevi kòm sous nan tès la, parèt tanto soufòm ekri oswa soufòm desen (sètadi, kat, kat jeografi, foto) oubyen you fason ki rive melanje toude ansanm. (l ap dire 70 minit) |