Prepare yon demen miyò!
Nan kad pwogram edikasyon pou granmoun yo, Lekòl Piblik nan Kontre Miyami-Ded yo ap ofri san lajan ak moun kap viv nan Florida a, yon valè klas kap prepare w pou ka fè GED w. Objektif pwogram sa a, se pou ede etidyan yo amelyore kapasite entèlektyèl yo, e prepare yo pibyen pou yo ka pase egzamen leta a nan zafè GED a.
Etidyan yo ka rantre nan pwogram nan nenpòt lè, aprè yo fin pran premye tès ki pou plase yo nan nivo klas yo. Objektif pwogram sa a, se pou ede etidyan yo rive apran, yon fason ki pou pèmèt yo kontinye poukòyo. Vin prepare w pou ka pran tès GED a nan youn nan 20 lekòl ke gouvèlman plase nan tout Kontre Miyami-Ded la.
Anplisdesa, nou ofri yon pwogram espesyal ki rele an anglè GED Fast Track. Se yon pwogram ki dire sèlman douzèdtan, e ki rive devlope yon strateji kap pèmèt ou pran egzamen leta a lapoula. Si w bezwen gen plis enfòmasyon sou pwogram GED a, kontakte youn nan sant ki pi pre lakay ou a, epi mande pou ka pale ak youn nan moun kap bay konsèy yo.
|