Se pou gentan gen 18 an nan moman wap enskri ya (elèv ki anba 18 an dwe pran yon tès ki rele an anglè Official G.E.D. Practice Test anvan li jwen otorizasyon akòz laj li.)
Se pou genyen yon kat leta peyi a rekonèt ki pou moutre foto pa w ak laj ou, pa egzanp:
- Lisans ki pèmèt ou kondwi nan eta Florid la
- Kat ki gen foto w ki moutre w ap viv nan Florid la
Se pou genyen you kat sekirite sosyal oswa yon lèt ki sòti andan biwo sosyal la ki moutre ou gen yon nimewo sosyal.
Fòk ou pat gentan anwole nan yon lekòl segondè, amwenske w te nan yon pwogram ki te sèvi w pwoteksyon nan yon lekòl.