|
L ap pran anviron 6 ak 8 semèn pou w jwen rezilta tès yo. W ap jwenn yon lèt nan bwatalèt lakay ou kap fè w konnen lè tès la prè. Yon fwa ou fin jwen lèt la, ou dwe vini oumenm nan biwo tès GED a avèk lisans pou kondwi a pou ka siyen diplòm nan. Pèsòn moun paka ba w rezilta a nan telefòn.
Si w pakapab vini ou menm menm pran diplòm nan, ou dwe siyen yon dokiman ki pou otorize yon lòt moun prann diplòm nan nan non w. Ou dwe di nan dokiman an ki rezon ki anpeche w vin pran diplòm nan, answit se pou siyen e mete dat nan dokiman sa a w ap bay ki pou fè demand lan.
Chak pati nan tès yo ekivo pou pipiti a 410 pwen. Antou, senk pati tès yo ekivo a 2250 pwen. Ou dwe fè valè total la pou ka resevwa diplòm segondè a nan men Depatman Edikasyon pabò isit la. |